Òdinatè

Òdinatè
Yon mashin, entelijan anpil, ki fè yon revolisyon nan fason moun kominike avèk lòt moun, avèk lòt mashin e konsève tèks yo ekri. Gen anpil diferans nan òdinatè, men se de diferans ki pi enpòtan: Sèvitè avèk Pèsonèl. Malgre diferans sa yo, tout òdinatè gen senk pati sa yo: klavye, monitè, sourit, òdinatè a menm, avèk enprimè a. Moun rele tout senk pati sa yo òdinatè, men òdinatè a se kote ki resevwa kòmand klavye a avèk sourit la epi voye kòmand sa yo nan yon diskèt, yon enprimè ou byen nenpòt lòt mashin byen lwen pandan li ap itilize yon liy telefòn. Mashin sa pèmèt moun ekri nenpòt longè donkiman soti nan yon lèt pou rive nan plizyè milye fraz tankou yon liv. Yon moun ki itilize òdinatè pou ekri kapab mete nenpòt imaj nan tèks la e li kapab fè lèt yo nenpòt gwosè. Bagay yon moun ekri sou òdinatè kapab enprime sou papye ou byen konsève sou yon diskèt pou itilize yon lòt lè. Nenpòt tèks moun ekri sou òdinatè, mashin nan kapab faks li, voye li sou fòm lèt-eletwonik bay yon lòt òdinatè, e latriye. Moun kapab itilize òdinatè nan plas televizyon, faks mashin, aparèy telefòn, repondè telefòn e anpil lòt bagay toujou.

Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.

Игры ⚽ Поможем решить контрольную работу

Regardez d'autres dictionnaires:

  • CPU — Yonn nan sen pati ki fòme yon òdinatè (ekran, òdinatè, sourit, klavye, enprimè). Abrevyasyon CPU a soti nan non Anglè a pou Central Processing Unit. An reyalite CPU a se li menm menm ki òdinatè a. Tout lòt pati yo sèlman ede moun avèk òdinatè… …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Enstale — Mete yon bagay yon kote, nan yon plas pou moun kapab wè li. Mete yon pwogram andedan yon òdinatè pou ede moun ki ap itilize òdinatè a kominike avèk òdinatè a. Tout pwogram gen enstriksyon pou esplike moun kijan pou yo enstale pwogram nan sou… …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Entènèt — Yon mwayen kominikasyon ki pèmèt tout moun ki posede yon òdinatè avèk yon liy telefòn kominike ant yo. Pou kominike nan fason sa a, moun ablije ashte sèvis nan men yon konpayi ki vann sèvis sa a e yo kapab kominike avèk nenpòt moun nan nenpòt… …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Sèvitè — Yon moun ki itilize yon moso tan, tout tan nan lavi li pou sèvi lòt moun. Yon moun, yon bagay ki ap sèvi moun. Yon gwo òdinatè ki gen anpil lòt ti òdinatè ploge sou li pou pèmèt tout ti òdinatè sa yo itilize resous, tankou pwogram avèk memwa, gwo …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Enprimè — Yonn nan senk pati nan yon òdinatè ki pèmèt operatè a enprime dokiman sou papye. Enprimè a gen yon pwogram ki enstale sou òdinatè pou pèmèt de mashin yo kominike. Lè òdinatè a resevwa lòd nan men operatè a li transmèt menm lòd sa yo bay enprimè a …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Lèt — Yonn nan shak inite ki fòme alfabèt yon lang. Senbòl ekriven itilize pou ekri tèks. Yon mwayen moun itilize pou kominike sou papye san yo pa rankontre. Yon likid blan ki soti nan tete kèk femèl bèt e tout moun ki nouris. Lèt elektwonik, Yon… …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Pèsonèl — Tout moun ki ap travay nan yon biznis, yon òganizasyon e latriye. Bagay yon sèl moun posede e kèk lè lòt moun pa menm konnen moun sa posede bagay sa a. Pèsonèl Òdinatè, Yon ti òdinatè moun kapab posede andedan kay yo pou fè menm travay moun kapab …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Pwograme — Ekri liy pwogramè avèk òdinatè kapab konprann pou pase òdinatè lòd, kominike avèk òdinatè e moun ki ap ale itilize yon pwogram …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Pwogramè — Moun ki konprann e ki ekri pwogram pou òdinatè. Moun ki pwograme òdinatè. Yon pwogramè aprann yon pwogram ki kapab kominike avèk òdinatè pou li ekri pwogram …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • Diskèt — Yon bagay plat e kare ki kapab anrejistre son, konsève tèks, nenpòt enfòmasyon moun kapab kreye sou òdinatè. Gen de fòm diskèt: yonn gen twa pous edmi nan shak kwen e lòt la genyen senk pous enka nan shak kwen. Depi teknisyen fini fè pi piti… …   Definisyon 2500 mo Kreyòl

Share the article and excerpts

Direct link
Do a right-click on the link above
and select “Copy Link”